FROM:  Creation Research Society   
www.creationresearch.org
Creation Matters  • Vol. 18, No. 6 • Nov/Dec 2013, Pg. 1-3
Klòch Misterye ke yo Twouve nan Min Chabon
Dave Woetzel,
(Abridged Article)

Inondasyon Jenèz la te yon aksyon de jijman ke yo te voye pa eksprè pou te detwi sivilizasyon mechan ki te la nan tan Noye a (Jenèz 6:5-7). Li te fèt petèt pou ke tout zòn sou tè a kote moun abite te ka retounen jan yo te ye avan an e pou te ka swa netwaye oubyen antere anba ranblè tout aktivite moun tap mennen yo. Se pou rezon sa, li pa ta dwe parèt etranj pou nou si nou pa prèske twouve yon ti tras sivilizasyon ansyen gran chef fanmi yo ki mansyone nan kòmansman Jenèz la.

Nan atik ki genyen tit Where are All the Human Fossils?, (kote tout fosil lòm yo ye?), Snelling (1991) te wè reyalite inondasyon an tankou se mobilite lòm, pwisans inondasyon dlo yo genyen pou detwi, e li te wè li tankou se te la fen. Epi li di:
Lè nou konsidere tout efè sa yo, li t’ap parèt enjis pou ke tout moun sa yo ki te la nan tan inondasyon an te vin tounen fosil. Menmsi yo te ka sere yon ti ponyen, petèt kèlke milye konsa, lè yon ti kantite konsa dsitribiye atravè yon gwo volim ma dlo sa, chans pou ta jwenn yonn nan yo a sou tè a matematikman trè trè piti. Epi tou, chans pou syantis pwofesyonèl ki te jwenn li a te ka rekonèt enpòtans li e dokimante li kòrèkteman an piti anpil.

Alloy metal bell found in deep coal mine

Genyen anpil istwa sou dekouvèt yon gwo èskelèt ki te la avan inondasyon an, yon moniman ki te la avan delij la,e menm sou bato a. Tipikman, rezilta final istwa sa yo se yon desepsyon. K donk, li enpòtan anpil pou nou pran prekosyon ak objektivite konsènan revandikasyon sa yo. Li fasil anpil menm pou gwo syantis yo fè erè fatal sa a, oubyen pou kouri al fè konklisyon lè y’ap prezante sa yo jwenn nan jis pou yo sipòte pwòp agiman pa yo.

Presizyon istorik pawòl Bondye a te manifeste anpil fwa, e kretyen yo pa bezwen fo istwa pou jistifye lafwa yo. Bib la di lafwa soti nan saw tande a e saw tande a soti nan Bondye (Women 10:17). Sepandan, li pa fasil pou envèstige yon zouti akayik ki ka bay siy sou mond la avan inondasyon an. N’ap chèche glorifye Bondye pandan n’ap mete ansanm verite ki nan Jenèz la avèk rechèch syantifik ki menm avèl yo, e pandan n’ap chèche konprann kreyasyon orijinal Bondye a.

   Newton Anderson e klòch la

Yon dekouvèt konsa ki merite yon gwo etid se sa ke Newton Richard te twouve kole nan yon mòso chabon. Anpil antite te dekri sikonstans ki te antoure evènman an e envestigasyon klòch la nan tèsk sa, selon sa mwen anrijistre nan yon entèvyou Mr. Anderson te bay le 20 Janvye 2007, e yon konvèsasyon telefonik le 19 Me 2013.

   Chabon ki nan Pati Lwès Virginie a

Nan ane 1940 yo te genyen yon vwazen ki te pote min chabon lakay Anderson. Li te negosye avèk tout moun ki te genyen tè yo pou li te kapab ekstrè chabon an, fouye li, vann li, epi pote li ale. Min chabon nwa yo twouve nan depatman Upshur ki nan pati Lwès Virginia a genyen yon peryòd de 323 a 298 milyon ane (Anonim, 1997). Evidamman, yon dekouvèt tankou klòch la ta dwe prezante gwo pwoblèm serye pou evolisyon tan an. Kòman li fè posib pou ta ka twouve yon klòch an bwonz nan chabon ki te fòme avan menm ke dinozò yo te evolye a?

   Analiz Klòch la

Nan ane 1963-1964 yo, yon nonm yo te rele Boris Bilas te pote klòch la nan depatman jeyolojik inivèsite Delaware a ki nan Wilmington, kote yo te etidye klòch la epi li te retounen avèk li. Yo te konfime ke klòch la se yon moun ki te fè li. Anderson te finalman ale rete Florida e li te vini yon pwofesè chimi. An 1973, li te ale nan yon prezantasyon ke doktè John Morris te fè nan Institute for Creration Research (Enstiti pou kreyasyon rechèch), epi Anderson te atire atansyon John sou klòch la. Morris te analize klòch la nan yon laboratwa ki nan Inivèsite Oklahoma (the University of Oklahoma). Aprè li te vin ekri: Analiz aktivasyon nikleyè a te detèmine tou dabò se an bwonz melanje avèk zenk ke klòch la ye. Yon ti sondaj te montre ke pa genyen okenn tras min chabon nan li.

Lefèt ke anprent meyalik klòch la etranj lan pa ta dwe yon sipriz si tout bon vre klòch la te la depi avan inondasyon an. Se pa nesesè pou nou ta espere ke li egal a nenpòt travay ke nou konnen ki te rive aprè inondasyon an. Klakèt ki andedan klòch la fèt an fè e li toujou bal bèl son. Jenèz 4:22 deklare ke Toubal-Kayen se te yon “fòjewon ki te konn travay kwiv ak fè…” sa yo se te 2 nan metal yo te travay nan ekonomi an avan inondasyon an.

   Fòm ki anlè tèt klòch la

Anderson te pase yon bon bout tan ap chèche fòm ki sanble avèk demon ki sou tèt klòch la (gade imaj 2 a), li te voye demand la bay anpil inivèsite. Li te dekouvri ke li genyen anpil resanblans avèk Pazzu, ki se demon Babylòn nan ki nan pati sidwès la, e dye Hindu ki rele Garuda a. E demon Babilonyen an e fòm klòch la yo tou lè 2 te geyen yon kòn sou tèt yo. Ti figi etranj yo a sanble ansanm. Pafwa yo montre Garuda (yon dye ki genyen bèk e ki ka vole) sou tèt klòch la, e li se deyès Ejipsyèn ki rele Isis la ki genyen zèl.

   Dekouvèt min nan

Li enpòtan pou nou note ke te genyen 2 prensipal tip de demach min chabon menm jan an ki nan zòn sa pandan ane 1940 yo, se te min sou tè a avèk min anba tè a. Si min chabon an te tou prè anlè tè a (tipikman yon zòn ki plat), nou t’ap ka fouye tè a fasilman pou nou te ranmase min nou. Si venn nan te kouri bò yon mòn, ebyen nou t’ap annik fouye tè a pou nou te mete min nan deyò.

Si min nan pat fon nan tè a, li t’ap yon ti jan pi rezonab pou nou te di ka se tonbe klòck la te soti tonbe nan twou min nan.

Men reyalite a sè ke min nan te byen fon nan tè a, sa fè ke istwa kritik sa se yon konbinezon sa moun ap di avèk lenposibilite. Koman sa fè posib pou yon bagay ki fèt a men tonbe andedan yon bagay ki twouve anba tè a, fòk li ta fèmen nan labou pou li ta fè pati gwo chabon nwa sa?

Tout zouti ki fèt an bwonz te ka egziste fasilman pandan 4000 ane de inondasyon an jiska jounen jodi a. Anplis, yon moun ka mache di ke lè sivilizasyon te rive nan bout li nan inondasyon an, yonn nan klòch yo ki te fèt avan inondasyon an te kouvri ak yon mas debri ki aprè ta tounen min chabon ki nan West Virginia, aprè anpil milye ane ki t’al ateri nan rezèvwa min chabon Newton Anderson nan.

   Konklizyon

Pa genyen okenn dout ke meyè senaryo antifak ki te avan inondasyon an se ta dwe pou genyen prèv ke syantis profesyonèl yo te anrijistre sou plas. Poutèt sa, klòch misterye sa a ka meyè candida ke nou genyen kòm yon bagay konkrè ki te la avan inondasyon an.Newton Anderson, ki se yon temwen ke moun ka fè konfyans, te relye itwa ki kache dèyè klòch la avèk dekouvèt li. Yo te analize travay atizanal e otontisite klòch la. Kritik ki di ke ouvraj la genyen yon orijin modèn la te pwobableman etabli kote orijinal min la te soti a.

Nan vizyon kreyasyonis la, rezonableman li sanble ke klòch la te ka se yon travay ke yon atis tankou Toubal-Kayen te fè depi avan inondasyon an (Jenèz 4:22). Byen ke se pa yon bagay ki fin sèten, sa fè plis sans pase nou jis kwè nan yon pakèt evènman ke kritik yo prezante. Li klè kon dlo kòk ke yon klòch ki plase nan yon chabon kabonifye ta prezante yon gwo defi pou moman evolisyon an.


    Referans

Anonymous. 1997. Geological Map of West Virginia. West Virginia Geological and Economic Survey, p. 1.

Fulmer, L.S. 2007. Report on polygraph examination. GenesisPark.com. Retrieved October 16, 2013, from www.genesispark.com/wp-content/uploads/2011/10/bell_polygraph.jpg

Hudson, G. 2010. The mystery of the bell found in coal. Gordon’s Blog. Retrieved October 15, 2013, from www.ecalpemos.org/2010/07/mystery-of-bell-found-in-coal.html

Lotz, C.W. 1970. Probable Original Minable Extent of the Coal Seams of the Redstone Coal. West Virginia Geological and Economic Survey. (USGS National Geologic Map Database, Product Description Page) Retrieved May 20, 2013, from http://ngmdb.usgs.gov/Prodesc/proddesc_42193.htm

Morris, J. 2008. The Young Earth: The Real History of the Earth—Past , Present, and Future. Master Books, Green Forest, AR, p. 75.

Morris, J. 2010. An amazing anomalous fossil. Acts & Facts 39(2):16.

Sharbaugh, N. 1997 Ammunition for Piercing the Armor of the Philosophy of Evolution. Norm Sharbaugh Ministries, Brownsburg, IN, p. 190.

Snelling, A.A. 1991. Where are all the human fossils? Creation Ex Nihilo Technical Journal 14(1):28–33.
 

"Klòch Misterye ke yo Twouve nan Min Chabon"  (abridged)
(Originally published in "Creation Matters" as: Update on The Mysterious Bell Found in Coal)
<http://www.creationism.org/haitian/CrsCmBellFoundInCoal_ht.htm>

Main:  Kreyòl Ayisyen
www.creationism.org