Bib la Avèk la Syans Dakò
http://www.creationism.org/haitian/BibleSci_ht.htm

Depi nan tan lontan, Syantis yo te toujou ap fè erè avèk sa ki konsène la syans. Men se pa Bib la, ki toujou parèt syantifikman presi. Pandan ke Bib la pa prensipalman yon pawòl la syans, genyen anpil bagay syantifik ki mansyone an pasan ladan li; e lè yo mansyone yo a, pita yo ap wè yo byen presi!


Moun kap pratike la syans yo te kwè ke:
Men kounye a la syans montre ke:
Bib la te toujou di:
Genyen sèlman antre 1000 a 1200 zetwal nan tout inivè a. Genyen anpil milyon zetwal; lezòm pa menm ka menm konte yo! Jeremi 33:22 "Mwen pral fè moun Levi k’ap sèvim yo peple sitèlman, yo pap ka konte kantite ki genyen.."
Tè a plat. Tè a won tankou boul. Ezayi 40:22 "Moun ki fèl la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la."
Limyè pa deplase, li rete anplas. Limyè a deplase, e li genyen pwopriyete fizik ; tankou siyal limyè a, oubyen foton. Jòb 38:19a "Eske nou konnen ki bò limyè soti??"
Selon gwo teyori, se kale zetwal yo kale. Chak zetwal pwòp a li menm, e 2 nan konstelasyon zetwal yo atache ansanm gras a fòs gravite a. Jòb 38:31 "Ou ka mare zetwal lapousyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?
Pou yon moun santil byen fòk li ta mete move san kap koule nan li a deyò. San se sous lavi, pafwa nou dwe fè mete plis san nan kò nou. Levetik 17:11 "Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye.."
Lè n’ap rèspire a pa gen pèz, li sèlman la. Oksijèn, nitwojè, gaz kabonik genyen pèz atomik yo ki ka mezire. Jòb 28:25 "Lè Bondye t’ap bay van pèz yo."
Van an soufle de yon bò sou tè a a yon lòt bò. Kouran ki nan lè a vire tou won. Eklezyas 1:6 "Konsa, l’ap vire tounen nan menm chemen an san rete."
Se sou do yon moun tè a ye. Se nan lèspas tè a ye. Jòb 26:7 "Li pandye syèl la san anyen pou kenbe li."
Moun yo annik malad. Lave men pa enpòtan. Se nan kontak yonn ak lòt moun trape anpil maladi. Lave men nou ak dlo dous. Levetik 15:13b "Lè sa a, l’a lave rad ki sou li, l’a benyen nan dlo dous." 
Tout zetwal yo sanble youn ak lòt. Chak grenn zetwal pwòp a li menm. 1 Korentyen 15:41 "Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo."
Selon teyori “Bing Bang” nan, pa gen okenn rezon ki fè se pa nan yon bagay yon lòt bagay soti. Gade linivè a pou nou wè! Chak aksyon genyen yon Reyaksyon ki kontrè oubyen egal a li menm. Sa se la syans reyèl. Koz ak efè; Pou genyen sòti fòk genyen antre. Jenèz 1:1 "Nan kòmansman an, Bondye kreye syèl ak tè a."

Pandan ke gwo syantis Grèk ki rele Claudius Ptolemy (c. 150 A.D.) te entèlijan anpil, li te fè erè panse ke tout rès linivè a fè laviwonn la tè. Gwo erè. Ou wè, syantis yo te kwè sa pandan plis ke mil ane. Syantis yo te panse ke linivè a te fè laviwonn tè a; e yo te fè menm moun ki byen edike kwè sa tou, tankou wè lidè legliz contanporen ki nan peyi lewòp yo. ( Bib la pa janm anseye sa). Se te yon akò menm syantis ki te fè erè yo, e syantis sa yo te vin konvenk lòt moun pou yo te kanpe kont Copernic ak Galile, nan ane 1600 pandan tan seyè a. Galile te montre pandan plis ke mil ane ke kwayans moun kap fè la syans yo pat janm bon.

Galile pa yon egzanp ant relijyon ak la sayans, men pito epizòd Galile yo te yon egzanp pou montre ke akò moun kap fè lasyans yo pat bon, e yo te konvenk lòt moun tou vin kwè sa ki pat verite tou.

Relijyon an ka bon selman si li kondwi nou pi prè la verite.

La syans tou ka bon lè li kondwi nou pi prè la verite.

Moun kap fè la syans yo konn fè erè pa fwa antan ke lòm, tankou wè syantis nan tan Galile yo. Sonje, se te syantis yo kite fè erè, e yo te fè tout moun kwè ke linivè a te fè wonn tè a.

Sonje ke syantis yo melanje astwoloji avèk astwonomi. E yo te menm abitye melanje alchimi avk chimi. Yo tap fè moun yo vin sòt. Ki donk, pandan tout tan moun kap fè la syans yo ap fè erè avèk la syans, bib la li menm toujou rete fèm e presiz. Kounye a nou jwenn evolisyonis yo ki met tèt yo ansanm avèk syantis yo, menmsi la syans reyèl la montre ke li enposib pou evolisyon an ka vrè. Men la Bib ba nou a la lèt la verite sou orijin nou. Jenèz 1:1 “O komansman Bondye te kreye syèl ak tè a.”

Yon lòt fwa ankò Syantis evolisyonè yo fè erè; e n’ap toujou montre ke la Bib la toujou presiz e vrè.


PAJ REFERANS- POU PLIS ENFOMASYON

"Hidden Treasures in the Biblical Text" (Trezò Kache nan Tèsk Biblik Yo) by Chuck Missler, c. 2000.  Published by Koinonia House, 120 pages.  ISBN 1-57821-127-1

"Scientific Facts in the Bible" (Fè Syantifik Nan Bib La) by Ray Comfort, c.2001.  Published by Bridge-Logos Publishers, 95 pages.  ISBN 0-88270-879-1

"The Vanishing Proofs of Evolution" (Prèv Ki Pa Dire Yo Evolisyon) by Thomas F. Heinze.  Published by Chick Publications, 94 pages.  ISBN 0-758905-70-X
 

"Bib la Avèk la Syans Dakò"
<http://www.creationism.org/haitian/BibleSci_ht.htm>

Main:  Kreyòl Ayisyen
www.creationism.org